Accessibility links

Breaking News

Pakistan: Atak Swisid Koze Lanmò 44 moun, E Blese 150 Lòt


Ofisyèl yo nan Pakistan fè konnen ke yon atak kamikaz nan yon moske touye omwen 44 moun epi blese plis pase 150 lòt.

Otorite nan vil Peshawar, peyi Pakistan, fè konnen yon moun ki te gen yon bonm tache sou kò li atake yon foul moun nan yon Moske ki sitye andedan yon bilding.

Omwens 47 moun mouri e plis pase 150 lot blese.

Bonm lan te lakoz twa a efondre e pi fò pami viktim yo se polisye.

Li poko klè kijan moun ki sote bonm nan te jwen mwayen pou l antre nan konpleks la ki gen miray ozalantou li e ki sitye nan yon zòn kote ki gen anpil sekirite akoz lòt bilding gouvenman an ki sitye la.

Yon kòmandan Taliban Pakistan an reklame responsabilit epou atak la sou Twitter.

Pi fo sitwayen peyi Pakistan se mizilman Sunni. Peyi a fe fas ak yon paket atak militan depi mwad Novanm nan le Taliban Pakistane a te mete fen nan seselfe yo te siyen ak fòs gouvenman an.

XS
SM
MD
LG