Accessibility links

Breaking News

Tantativ Asasinay Kont Ansyen Premye Minis Pakistan Imran Khan


PAKISTAN-POLITICS-PROTEST-KHAN
PAKISTAN-POLITICS-PROTEST-KHAN

Ansyen Premye Minis Pakistan Imran Khan blese nan sa ki sanble yon tantativ asasinay jodi jedi a pandan li te nan tèt yon mach kont gouvènman an nan Islamabad.

Lidè 70 lane a ki nan tèt pati opozisyon Pakistan Tehreek-e-Insaf ki gen ti non nan angle PTI, te pran pou pi piti yon bal nan janm dwat li, dapre sa gwo manm ekip li Rauf Hassan konfime pou LaVwadlamerik.

Hassan ajoute ke atak ak zam nan nan bouk Wazirabad, nan pwovens santral Punjab, lakoz pou pi piti yon mò ak plizyè blese.

Yo te kouri ak Khan lopital nan kapital Punjab la Lahore, nan distans 150 kilomèt ak lye atak la, kote doktè di li nan kondisyon stab, dapre èd de kan an.

XS
SM
MD
LG