Accessibility links

Breaking News

Lapolis Brezil Fouye Kay Yon Neve Bolsonaro


View of a federal police vehicle damaged after Brazilian politician Roberto Jefferson fired at police while resisting arrest ordered by the country's Supreme Court, in Comendador Levy Gasparian
View of a federal police vehicle damaged after Brazilian politician Roberto Jefferson fired at police while resisting arrest ordered by the country's Supreme Court, in Comendador Levy Gasparian

BRASILIA, Brezil (AP) — Lapolis federal Brezil te fouye kay yon neve ansyen Prezidan Jair Bolsonaro an koneksyon ak zak kraze brize ki te fèt 8 janvye a kote fanatik ansyen prezidan an te anvayi plizyè bilding gouvènman an.

Lapolis te di ke Leonardo Rodrigues de Jesus fè pati de ankèt yap mennen apre atak sila, yo deja fè 11 arestasyon nan kad ankèt sa.

Se te premye fwa non yon manm fanmi Bolsonaro te enkli nan envestigasyon sa ke yap menen sou soulèvman ki te fèt nan Brasilia.

Lapolis di moun ki anba envestigasyon yo ka jije pou krim kont demokrasi ak asosyasyon kriminèl.

XS
SM
MD
LG