Accessibility links

Breaking News

Paris: Ikrèn Menase Pou l Bòykote Je Olenpik 2024 yo si Larisi Resevwa Envitasyon


Russian Doping
Russian Doping

Ikrèn menase jedi pou l bòykote jezolenpik ki pwograme pou 2024 nan vil Pari si atlèt Ris ak Belarisyen yo jwenn envitasyon.

Anne Hidalgo ki se Majistra Paris, te mansyone posibilite pou yo kite atlèt ris yo patisipe nan konpetisyon an - men sou banyè ki net - sa vle di yo pap reprezante Larisi.

Komite Olenpik Entènasyonal (IOC) bò kote pa l te trase yon plan semèn pase a ki gen ladan re-entegrasyon jwè ris yo nan espò mondyal.

Apre desisyon sa yo Minis Espò Ikrenyen an Vadym Goutzeit te reyaji. Li deklare ke se "Yon sitiyasyon ki pa akseptab pou peyi nou an."

Dapre li, Kyev kounye a ap fè presyon sou COI a ak lòt òganizasyon entènasyonal yo pou yo jwenn entèdiksyon sou tout jwè ki soti Larisi ak Belarisi pou pa kite yo patisipe nan je olenpik 2024 la .

Goutzeit te kontinye ak deklarasyon li yo sou Facebook pou di: "Pozisyon nou rete san chanjman: osi lontan ke lagè a ap kontinye nan Ikrèn, atlèt Ris ak Belarisyen pa ta dwe patisipe nan okenn konpetisyon entènasyonal,"

"Si komite a pa tande nou, mwen pa eskli posibilite pou noumenm ikrenyen bòykote epi refize patisipe nan olenkpik yo".

Madi, Prezidan Ikrenyen an Volodymyr Zelenskyy te deja mande tokay franse li a Emmanuel Macron pou yo entèdi tout ris patisipe nan pwochen Je Olenpik yo, ki pwograme pou dewoule nan mwens pase dezan.

XS
SM
MD
LG