Accessibility links

Breaking News

Foutbòl: Copa America 2024 Ap Fèt Ozetazini


Year Ender
Year Ender

Nan kad yon kowoperasyon ant 2 federasyon Foutbòl nan Amerik la, Concacaf anonse ke edisyon Copa America pou ane 2024 la ap fèt Ozetazini.

Patenarya ki fèt ant 2 gwo konfederasyon Concacaf gen ladann ekip tankou Etazini, Kanada, Ayiti ... epi Comebol la gen ladann ekip tankou Brezil, Arjantin, Pewou.

Ap gen 10 peyi ki ap soti nan konfederasyon Sid Ameriken an (Conmebol) e ap 6 lòt ki ap soti nan Konfederasyon Nò, Amerik Santral ak Karayib la ki pral patisipe, dapre presizyon ke Concacaf te bay.

Sa a se dezyèm fwa Etazini ap òganize konpetisyon an, apre yo te te òganize li an 2016.

XS
SM
MD
LG