Accessibility links

Breaking News

Espay: Yon Moun Pèdi Lavi li nan Yon Legliz Anba Kout Manchèt


Spain Church Attack
Spain Church Attack

Mèkredi nan aswè nan Algeciras, Espay, yon moun mouri anba kout manchèt apre yon moun te atake 2 legliz.

Ministè Espayòl la te di nan Jedi a, swadizan sispèk te ap tann depòtasyon depi mwa jen akòz sitiyasyon iregilye li nan peyi a.

Sispek la se yon sitwayen Mawoken ki gen 25 an, yo te akize li dèske li te touye yon sakristen e li te blese yon prèt.

Dapre sa otorite yo rapòte sispek la "pa gen okenn dosye kriminèl oswa teworis nan peyi Espay oswa nan peyi alye yo" e li pa t anba siveyans sèvis panyòl yo ".

Yon ankèt sou swadizan zak teworis yo te louvri apre atak sila.

Se yon majistra nan Odyans Nasyonal la, yon tribinal ki responsab an patikilye pou ka ki gen rapò ak teworis ki pral mennen ankèt la.

XS
SM
MD
LG