Accessibility links

Breaking News

Plizyè Zotobre nan Ikrèn Demisyonen


Ukrainian President Volodymyr Zelenskyy gestures as he speaks during a joint press conference with his Finnish counterpart following their talks in Kyiv, on Jan. 24, 2023.
Ukrainian President Volodymyr Zelenskyy gestures as he speaks during a joint press conference with his Finnish counterpart following their talks in Kyiv, on Jan. 24, 2023.

Plizyè otorite nan Ikrèn anonse demisyon yo jodia pandan Prezidan Volodymyr Zelenskyy sot di l ap fè kèk chanjman nan staff gouvènman li.

Vis-Minis Defans Viacheslav Shaporov, ki te anchaje sipò lojistik pou fòs Ikrèn yo, kite pòs li pandan gen yon eskandal distribisyon manje.

Asistan Komisè Gouvènman Oleksiy Symonenko, ak asistan chef biwo Zelenskyy, Kyrylo Tymoshenko, demisyonnen tou san bay rezon pou demisyon yo.

Yon lòt kote, Minis Defans alman Boris Pistorius fè konnen jodi madi a desizyon gouvènman li an sou kesyon pou konnen si l ap apwouve ekspòtasyon tank alman Leopard 2 pou Ikrèn, desizyon sa a ap vini anvan lontan.

Pandan gen presyon bò kote alye yo, antwòt sa yo ki gen tank Leopard 2 yo ki vle voye yo bay Ikrèn, Pistorius ensiste pou di gen inite nan alyans l-OTAN an e li di ke pandan gen peyi ki vle ale pi vit pase lòt, yo pa divize.

XS
SM
MD
LG