Accessibility links

Breaking News

Polòy Mete Sou Pye Yon Kowalisyon Pou Voye Tank Bay Ikrèn


Premye-minis Polòy la di jodia peyi li ap moute yon koalisyon nasyon ki pare pou voye bay Ikrèn tank alman Leopard 2 menm si Almay pa bay pèmisyon ofisyèl pou fè transfè sa yo.

Mateusz Morawieci di jounalis yo ke Polòy pwal chache pèmisyon Almay, men ke li pa oblije genyen li pou fè sa.

Nou ap anvizaje mete anpil presyon sou gouvènman an nan Bèlen pou kite nou transfere Leopard yo,” se pawòl Morawiecki.

Minis Afè Etranjè Annalena Baerbock di chèn televizyon franse LCI dimanch ke si Polòy mande pèmisyon pou voye Leopard 2 ale nan Ikrèn, li p ap bay pwoblèm pou sa.”

Anvan Baerbock te fè deklarasyon sa a, Almay t ap renka kò li sou kesyon voye Leopard 2 li yo bay Ikrèn ni apwouve ke peyi ki te achte yo transfere yo bay lòt peyi.

XS
SM
MD
LG