Accessibility links

Breaking News

Des Moines: 2 Etidyan Mouri nan Yon Fiziyad Nan yon Lekòl


School Shooting Des Moines
School Shooting Des Moines

DES MOINES, Iowa (AP) — 2 etidyan pèdi lavi yo epi yon lòt blese grav nan yon fiziyad ki te vize yon pwogram edikasyon altènatif pou kèk timoun nan vil Des Moines.

Lapolis nan zòn nan fè konnen ke yo mete anba kod yon nonm 18 zan, yo akize misye an koneksyon fiziyad la. Otorite yo deklare "Preston Walls akize ak 2 chaj akizasyon asasina ak tantativ asasina nan lekol "Starts Right Here".

2 Elèv ki mouri yo se - yon gason 18-zan ak yon gason 16-zan.

Fondatè pwogram nan, William Holmes - ke tout moun konnen sou non Will Keeps - te soti blese nan atak sila a.

Lapolis di Walls ak 2 etidyan yo te gen afilyasyon ak gang e yo te nan diferan gang.

XS
SM
MD
LG