Accessibility links

Breaking News

Sispèk Ki Fè Fiziyad Los Angeles La Touye Tèt li


Efò pou mete men sou nèg ak zam ki te touye 10 moun nan yon bal nan zòn Los Angeles te rive nan bout li dimanch lè otorite yo te jwenn li mouri ak yon bal ke li te bay tèt li nan yon karyòl ke li te kondi pou li sove apre moun te anpeche li kontinye tire.

Sheriff Robert Luna nan awondisman Los Angeles te idantifye mesye a kòm Huu Can Tran ki te gen 72 lane e li di yo p ap chache okenn lòt sispèk. Li ajoute ke li pa konnen motif ki dèyè atak la ki blese 10 lòt moun.

Li sanble te sèvi ak yon revolvè semi-otomatik ki t ap rale bal nan yon magazin, ke yo jwenn tou nan machin nan.

Bonè ayè dimanch la, fòs lòd yo te antre nan karyòl la apre yo te fin sènen li pandan kèk èd-tan. Yo te jwenn kadav yon moun apiye sou volan an e yo te mete l atè.

Sheriff Robert Luna nan awondisman Los Angeles te pibliye anvan sa foto yon Azyatik ki dapre yo sete sispèk la.

XS
SM
MD
LG