Accessibility links

Breaking News

Kalifòni: 7 Moun Mouri Nan yon Fiziyad


Nan sid vil San Francisco 7 moun pèdi lavi yo nan 2 fiziyad.

Sa fè twazyèm fiziyad ki fèt nan Kalifòni nan yon espas 8 jou.

Dapre rapò biwo Sharif Awondisman San Mateo, yo mete anba kòd Chunli Zhao ki 67 an. Misye se prensipal sispèk nan fiziyad la.

Otorite yo di ke yo te jwenn 4 moun ki mouri e youn ki te blese gravman anba kout zam nan apremidi.

A yon distans plizyè kilomèt, yo te jwenn 3 lòt moun mouri nan yon biznis .

Koneksyon ki genyen ant 2 krim yo pa fin twò klè, men biwo Sharif la di tou 2 biznis yo te jere zafè agrikòl.

XS
SM
MD
LG