Accessibility links

Breaking News

Burkina: Gouvènman Mande Retrè Twoup Franse yo


Otorite yo nan Burkina Faso konfime Lendi demand yo te fè kote yo te mande depa twoup franse ki baze nan Ouagadougou nan yon mwa.

Prezidan fransè Emmanuel Macron bò kote pal te mande, plis "klarifikasyon" nan men gouvènman Burkina a apre demand sa ouvè yon lòt epizòd nan tansyon ki deja genyen ant 2 peyi yo.

Nan yon entèvyou sou Radio-Télévision Burkina (RTB) pòtpawòl gouvènman Burkinabè a, Jean-Emmanuel Ouédraogo di "Sa n ap denonse se akò ki pèmèt fòs franse yo prezan nan peyi a. Se pa pou mete fen nan relasyon diplomatik ant Burkina Faso ak Lafrans".

Burkina kounye a gen ladan li yon kontenjan ki gen prèske 400 fòs espesyal franse .

Nan yon lèt Ministè Afè Etranjè Burkinabè te voye bay Paris, AFP te resevwa yon kopi, Ouagadougou "denonse epi mande mete fen nan tout akò" ki te siyen nan dat 17 desanm 2018 la "ki gen rapò ak operasyon fòs lame fransè a nan peyi yo " kote objetif yo se te batay kont teworis jihadis yo."

Dimanch apremidi, Macron te di ke li t ap tann "klarifikasyon" soti bo kote gwo zotobre yo nan Burkinabe.

Ouedraogo te di jodi Lendi a "Nan etap aktyèl nou ye la a nou pa wè ki jan li ka pi klè pou Prezidan Macron" .

XS
SM
MD
LG