Yo te rann omaj ak chantez ak konpozitez mizik Lisa Marie Presley, pitit fi Elvis Presley pandan yon fineray nan vil Memphis eta Tennessee.
Manman li, Priscila sonje pitit fi li kòm "vye am" ki te brave trajedi men pèsevere an menm tan ke li te pwoteje eritaj papa li kite dèyè.
Plis pase mil moun te rasanble sou gazon Graceland lan, Dimanch Maten, anba gwo fredi ak yon syèl kouvri ak nuaj pou rann omaj ak lavi Lisa Marie Presley ki mouri 12 Janvye apre yo te kouri avè l lopital.