Accessibility links

Breaking News

Yon Nouvo Pwogram Ameriken Pral Kite Senp Sitwayen Sponsorize Refije


So Depatman Deta nan Washington, 31 Janvye 2022.
So Depatman Deta nan Washington, 31 Janvye 2022.

Senp sitwayen Ameriken ap kapab ede refije adapte yo ak lavi Ozetazini gras ak yon pwogram Depatman Deta lanse jodi Jedi 19 Janvye a.

Objektif pwogram nan se pèmèt sitwayen prive jwe yon wòl nan re-enstalasyon plizyè milye refije ki vini Ozetazini chak ane.

Depatman Deta vize enskri 10,000 Ameriken nan "Welcome Corps" (Kò Byenvini) kote yo va ede 5,000 refije premye ane a.

Gwoup omwens 5 Ameriken ta responsab pou kotize ajan poukont yo pou ede refije yo epi aplike pou sponsorize yo.

Asistans la kouvri bagay tankou - akeyi refije yo nan ayewopò le yo rive epi enskri timoun yo lekòl.

Dapre Depatman Deta, nouvo inisyativ la ap gen 2 faz. Premye faz la pral matche sponsò prive ak refije ki deja resevwa apwobasyon pou yo re-enstale yo Ozetazini anba Pwogram Asistans Refije Etazini an. Pwogram sa a ap kòmanse nan premye pati ane 2023 a.

Dezyèm faz la pral kite sponsò prive yo idantifye refije kap viv lòt bò dlo ke yo ta renmen ede, epi yo ka refere moun sa yo a Pwogram Asistans Refije a epi apre sa ede yo le yo rive Ozetazini.

Pwogram Welcome Corps la anonse apre kèk lot pwojè parèy kote Ameriken te ka sponsorize Afghan oubyen Ikrenyen ki tap kouri kite peyi yo. Pwogram sa a te antre an aplikasyon nan mwad Oktob 2021 e li ede plis pase 800 moun vin viv Ozetazini gras ak yon rezo 230 sèk sponsò sètifye ki gen ladann apepre 5,000 moun.

XS
SM
MD
LG