Accessibility links

Breaking News

Itali Mete Anba Kòd Nimewo 1 Mafyoso nan Mond lan


Lapolis Italyen ak Mafyoso Matteo Messina Denaro (a dwat) nan yon machin lapolis yon ti tan apre arestasyon nan vil Palermo, zile Sisil.
Lapolis Italyen ak Mafyoso Matteo Messina Denaro (a dwat) nan yon machin lapolis yon ti tan apre arestasyon nan vil Palermo, zile Sisil.

Lapolis paramilitè Italyen fè konnen yo arete yon chèf mafya lajistis te kondane nan yon klinik prive nan vil Palermo. Misye rele Matteo Messina Denaro.

Messina Denaro te nan tèt lis kriminèl ki nan mawon Lajistis Italyen tap chache. Yo mete misye anba kòd apre li te pase 30 an nan mawon.

Imaj lapolis Italyen de Chef Mafya Matteo Messina Denaro, Lendi 16 Janvye 2023.
Imaj lapolis Italyen de Chef Mafya Matteo Messina Denaro, Lendi 16 Janvye 2023.

Direktè fos espesyal Carabinieri a (lapolis Italyen) deklare yo bare Messina Denaro Lendi nan klinik kote li tap resevwa swen pou yon kondisyon medikal yo pa revele.

Malgre li te nan mawon, lajistis peyi Itali te konsidere Messina Denaro tankou pi gwo chèf Cosa Nostra Sisil la.

XS
SM
MD
LG