Accessibility links

Breaking News

Kanada Enpoze Sanksyon Kont 2 Ayisyen ki Lye ak Gang yo


Foto Achiv: Minis Afe Etranje Kanada a Melanie Joly pandan yon konferans pou lapres ak Premye Minis Justin Trudeau nan Ottawa, Ontario, Kanada, 22 Fevriye 2022.
Foto Achiv: Minis Afe Etranje Kanada a Melanie Joly pandan yon konferans pou lapres ak Premye Minis Justin Trudeau nan Ottawa, Ontario, Kanada, 22 Fevriye 2022.

Kanada anonse sanksyon Vandredi kont yon ansyen palmantè Ayisyen ak yon asosye yon ansyen prezidan Ayiti poutèt yo pwoteje gang yo epi soutire aktivite ilegal yap mennen tankou pa egzanp trafik dwòg. Se sa minis afè etranje Ottawa a anonse Vandredi.

Kanada di Arnel Belizaire, yon ansyen depite Delmas-Tabarre epi Charles Saint-Remy, konseye ak bo-frè ansyen Prezidan Michel Martelly tap sèvi ak stati yo antanke elit Ayisyen pou apiye gang yo.

Foto Achiv: Depite Ayisyen Arnel Belizaire nan Potoprens, Ayiti, 28 Oct. 2011.
Foto Achiv: Depite Ayisyen Arnel Belizaire nan Potoprens, Ayiti, 28 Oct. 2011.

Biwo Minis Afè Etranje Melanie Joly a deklare: "sanksyon Kanada enpoze yo gen kòm bi pou mete presyon sou moun ki responsab pou zak vyolans, pwopagasyon zak vyolans seksyèl (kadejak) epi enstabilite an Ayiti.

Li ajoute: "Fòk moun sispan finansye ak founi zam bay gang kriminèl Ayisyen yo."

Belizaire ak Saint-Remy pat reponn demann ajans nouvèl Reuters te fè pou komantè sou kestyon an.

Sanksyon Kanada anonse Vandredi yo vin ajoute sou lòt sanksyon Ottawa te deja pran kont pèsonaj Ayisyen. Pami yo gen Martelly ak 2 politisyen ki gen anpil enfliyans, epitou 3 biznisman wo pwofil.

Nan wad Septanm 2022, gang yo te kreye yon kriz imanitè an Ayiti apre yo te bloke antre tèminal prensipal petwòl Varreux a. Sa te koze yon rate gaz ak dizèl ki te bloke pi fò aktivite ekonomik yo nan moman peyi d Ayiti tap eseye jere yon epidemi kolera.

XS
SM
MD
LG