Accessibility links

Breaking News

Responsab Ajans l-ONU pou Dwa Moun Avèti ke Nouvo Mezi Migrasyon Yo riske Minnen Dwa Migran Kap Mande Azil


U.S. Customs and Border Protection officers show President Joe Biden a portable X-ray device as he tours El Paso port of entry, Bridge of the Americas, a busy port of entry along the U.S.-Mexico border, in El Paso Texas, Jan. 8, 2023.

Prensipal responsab ajans l-ONU pou Dwa Moun nan avèti ke nouvo mezi ke gouvènman Etazini-an adopte pou kontwole fwontyè-li riske minen dwa fondamantal moun pou yo chache azil.

Wo Komisè l-ONU pou Dwa Moun, Volker Turk, di li pè pou nouvo politik sou fwontyè-a pa kraze baz dwa moun ak lwa sou refjye ki la pou pwoteje lavi moun k-ap kouri pou chache sekirite.

Pòtpawòl pou Turk, Ravina Shamdasani, di LaVwadlamerik Wo Komisè-a gen enkyetid kòmkwa mezi sa-yo pwal lakoz gen plis moun ke Etazin ap pimpe tounen san evalye ki valè bezwen ke yo chak genyen pou pwoteksyon.

Li ajoute ke moun ki antreprann vwayaj danjere sa-yo ap kouri pou sikonstans difisil anpil nan peyi-yo.

Nouvo politik Etazini-an ap pèmèt 30-mil moun Venezuela, Kiba, Ayiti ak Nikaragwa vini Etazini chak mwa pou yon tan limite ki se 2 z-an.

XS
SM
MD
LG