Accessibility links

Breaking News

Brezil: Prezantasyon Luis Suárez Nan Nouvo Ekip li Gremio


Brazil Soccer Suarez
Brazil Soccer Suarez

SAO PAULO (AP) — Plis pase 30,000 fanatik Gremio te ranpli tèren klib brezilyen an nan Porto Alegre pou akeyi atakan Luis Suárez.

Atakan an ki gen 35-an siyen yon kontra 2 zan nan kad yon transfè gratis apre kontra li ak ekip Nasyonal Urugwe te fini.

Ekip Gremio an ki chanpyon 3 fwa nan chanpyona Copa Libertadores monte nan premye divizyon nan chanpyona Brezil la apre li te tonbe nan dezyèm divizyon an 2021.

Se pral wityèm ekip Suarez pral jwe ave l nan karyè li ', pami ekip li pase yo nou jwenn Ajax, Liverpool, Barcelona ak Atletico Madrid.

XS
SM
MD
LG