Accessibility links

Breaking News

Meksik ka Aksepte plis Imigran Ilegal ke Etazini Ekspilse


U.S. President Joe Biden arrives in Mexico
U.S. President Joe Biden arrives in Mexico

VIL MEKIK (AP) — Prezidan Meksiken an Andres Manuel López Obrador di ke li ta konsidere aksepte plis imigran pase sa li te prevwa nan kad pwogram voye migran ki te antre ilegalman Ozetazini tounen nan peyi Meksik.

Deklarasyon yo te fèt Lendi pandan yon rankont ke López Obrador, Biden ak Premye Minis Kanadyen Justin Trudeau ap fè nan vil Meksik.

Nan reyinyon 3 lidè yo ap fè a yo pral diskite sou dosye imigrasyon, komès ak chanjman klimatik. Madi, 3 lidè yo gen pou yo patisipe nan yon somè.

Biden di rasanbleman sa a se pou pale sou "priyorite pataje pou peyi nou yo ki nan Amerik di Nò a."

XS
SM
MD
LG