Metaverse la te reprezante yon tèm kle pandan konferans CES la - Consumer Electronics Show - ki te dewoule nan vil Las Vegas, eta Nevada.
Pandan konferans la, jeyan teknoloji Taiwanè HTC te devwale yon kask VR (reyalite vityèl) ki vize fè konpetisyon sou mache a ak Meta.
Plizyè lot konpayi teknoloji ansanm ak startups te fè piblisite pou linèt reyalite vityèl pa yo epi teknoloji ki pèmèt itilizatè yo pran odè anvironman vityèl la.
Sepandan yon ekspè sou koze metaverse le di pa gen anpil chans pou pwodui sa yo disponib pou majorite piblik la pandan ane kap vini yo.
Kanmenm, gwo konpayi teknoloji tankou Microsoft ak Meta envesti plizyè milya dola nan teknoloji sa a.
Gen lot ki taka rejwenn kous pou atire yon pati nan konsomatè ki enterese nan teknoloji sa yo.