Accessibility links

Breaking News

Pi Bon Pami Pi Bon CES 2023: Yon Mwayen pou Kominike ak Chen, Yon Kousen ki ka Kalme w


Ducky fe demonstrasyon FluentPet ki se yon teknoloji ak yon bouton ki pemet moun kominike ak chen yo, nan spektak CES la nan Las Vegas, Nevada, 4 Janvye 2023.
Ducky fe demonstrasyon FluentPet ki se yon teknoloji ak yon bouton ki pemet moun kominike ak chen yo, nan spektak CES la nan Las Vegas, Nevada, 4 Janvye 2023.

Konpayi teknoloji yo ap fè chèlbè ak nouvo pwodui yo semèn sa a nan konferans CES la -- Consumer Electronics Show. Konferans elektwonik la, kap dewoule nan vil Las Vegas, eta Nevada louvi ofisyèlman ak yon gwo foul envestisè, jounalis epi anplwaye teknoloji.

Tout moun sou plas pou wè kisa gwo konpayi teknoloji yo ak startups yo genyen pou yo ofri.

Pami inovasyon pi notab yo, nou jwenn yon bouton chen ou kapab peze pou fè w konnen li grangou. Gen yon pousèt pou tibebe ki gen teknoloji pèfeksyone ki pèmèt li suiv ou otomatikman.

Gen tou yon kousen ki se yon wobo ki ka kalme w lè ou gen twop anksyete - pou fè sa li kopye fason ou respire. Epi genyen yon jwèt pou chen ki se yon wobo ke ou ka konfòme ak bezwen w.

XS
SM
MD
LG