Konpayi teknoloji yo devwale nouvo pwodui yo semèn sa a nan konferans CES la - Consumer Electronics Show.
Spektak la ap dewoule nan vil Las Vegas, eta Nevada kote envestisè, jounalis ak anplwaye konpayi teknoloji yo rasanble.
Mesye-dam yo sou plas pou wè kisa gwo konpayi tèk yo ak startups yo gen pou yo ofri.
Pami inovasyon enteresan yo te gen - yon wobo ki sèvi kom barman e ki ka fè te boba. Te gen tou yon aparèy konpayi bote L'Oreal prezante ki kapab makiye sousi rapidman.