Accessibility links

Breaking News

Etazini ap Komemore 2èm Anivèsè Revòlt 6 Janvye 2021 an


FILE - Pro-Trump protesters clash with DC police officer Michael Fanone at a rally to contest the certification of the 2020 US presidential election results at the U.S. Capitol Building, Jan. 6, 2021.
FILE - Pro-Trump protesters clash with DC police officer Michael Fanone at a rally to contest the certification of the 2020 US presidential election results at the U.S. Capitol Building, Jan. 6, 2021.

Jodi vandredi-a se 2èm anivèsè revòlt 6 Janvye 2021-an nan Capitol Etazini-an nan Washington, dat kote bann dechoukè ki te move kou kong, ki sete sipòtè ansyen prezidan Donald Trump, te chache bloke sètifikasyon rezilta eleksyon prezidansyèl 2020 an.

Prezidan Etazini Joe Biden ap make jounen-an nan Mezon Blanch ak yon seremoni kote li pwal dekore 12 moun ak Meday Prezidansyèl pou Sitwayen, moun ki dapre yon responsab Mezon Blanch - “te fè kontribisyon ki sèvi kòm ekzanp, pou demokrasi nou-an nan evènman 6 Janvye 2021 an.”

Pami gwoup k-ap resevwa meday jodi vandredi-a, gen yon manman ak pitit fi ki te resevwa menas poutèt yo t-ap fè travay-yo nan eleksyon-an nan awondisman Fulton nan eta Jòji; gen ajan polis Capitol ak polis Washington DC, palmantè, ak yon ansyen fonksyonè sivil federal.

Gen yon pri apre lanmò pou Brian Sicknick, yon ajan polis Capitol-la, ki pèdi lavi-l nan pwoteje otorite eli. Li mouri 7 Janvye 2021. Biden ak madanm-li, Vis Prezidan Kamala Harris ak mari-li, te prezante senpati-yo bay Sicknick lè li te kouche ofisyèlman nan sèkèy li ki te ekspoze nan mitan Capitol la.

XS
SM
MD
LG