Accessibility links

Breaking News

Etazini ap Evalye Restriksyon Taliban Mete pou Anpeche Franm Travay Pou ONG


A Taliban fighter stands guard as a woman walks past in Kabul, Afghanistan, on Dec. 26, 2022.
A Taliban fighter stands guard as a woman walks past in Kabul, Afghanistan, on Dec. 26, 2022.

Etazini ap evalye sityasyon kote gouvènman Taliban an nan Afghanistan pa dakò pou Òganizasyon Non Gouvènmantal (ONG) anplwaye fanm, pandan Ameriken yo ap etidye kèk chwa ke yo ka devwale anvan lontan.

“Nou pran angajman pou kanpe bò kote medam yo tout kote gen mensas kont dwa yo…,” se pawòl Sekretè Deta Etazini Anthony Blinken mèkredi, pandan li t ap lanse premye estrateji Etazini sou Sekirite Ekonomik Fanm yo nan Mond lan.

Kèk zotobre ameriken te ekzòte Taliban ann ijans plizyè fwa pou li leve entèdiksyon li ki anpeche medam yo travay pou ONG ni ale nan inivèsite piblik ak prive, e otorite ameriken yo avèti Taliban ke sa ka gen konsekans pou li.

XS
SM
MD
LG