Accessibility links

Breaking News

Putin Deplwaye Yon Bato Ame ak Dènye Misil Ipèsonik Zircon


FILE - In this image taken from video released by Russian Defense Ministry Press Service on May 28, 2022, a new Zircon hypersonic cruise missile is launched from a frigate in the Barents Sea. (Russian Defense Ministry Press Service via AP)
FILE - In this image taken from video released by Russian Defense Ministry Press Service on May 28, 2022, a new Zircon hypersonic cruise missile is launched from a frigate in the Barents Sea. (Russian Defense Ministry Press Service via AP)

Prezidan ris Vladimir Putin deplwaye ayè mèkredi a yon bato ame ak dènye misil ipèsonik Zircon ke peyi a pwodui, pou moutre fòs li, nan moman tansyon moute ak loksidan sou lagè Ikrèn nan.

LaRisi fè konnen okenn defans aeryen paka detekte misil Zircon nan ki vole ak yon vitès ekstwòdinè 11-mil-265 kilomèt alè.

Yon lòt kote, Prezidan peyi Tiki Recep Tayyip Erdogan di Vladimir Putin negosyasyon pou kanpe envazyon LaRisi nan Ikrèn nan dwe gen kòm sipò yon sese-l-fe nan yon kan.

Biwo Erdogan nan di li menm ak Putin te pale nan telefòn jodi jedi a, e ke chita-koze lapè ta dwe antre nan yon “vizyon pou yon solisyon ki jus.”

Lidè Tiki a te ede negosye yon akò ant LaRisi ak Ikrèn pou fasilite ekspòtasyon sereyal. Erdogan te gen pou-l pale ak Prezidan Ikrèn Volodymyr Zelenskyy jodi jedi a.

Yon lòt apèl pou lapè te soti bò kote Patriyach Kirill, ki se chef legliz Òtodòks ris la, ki te mande pou tout pati yo pran yon pòz pandan fèt Nwèl Òtodòks la, semèn sa a.

Bò kote pa l, Prezidan franse Emmanuel Macron di Zelenskyy ayè mèkredi a ke, pou ede nan gè a, LaFrans ap voye kamyon konba blende AMX-10 RC – yon modèl tank leje ki te konn sèvi nan lame franse a depi ane 1980-yo e ke Franse yo ap abandone.

XS
SM
MD
LG