Accessibility links

Breaking News

Ikrèn Atake yon Kazèn Militè Ris


Aftermath of recent shelling in Makiivka
Aftermath of recent shelling in Makiivka

Ministè Defans Grand Bretay la di jodi mèkredi-a yon atak Ikrèn sou yon kazèn militè nan yon vil ki anba kontwòl LaRisi nan lès Ikrèn ka te plis grav akoz depo minisyon ki ka te toupre kote sòlda Ris-yo te ye.

« Lè-n gade kantite dega ki fèt, gen yon posiblite reyèl ke LaRisi ka te gen depo minisyon toupre kote twoup yo rete, e ke minisyon-yo te sote lè atak la te fèt la, e kreye yon 2èm eksplozyon, » se sa ministè-a di nan yon Tweet kote

li bay evalyasyon-li chak jou. Ministè defans Grand Bretay-la ajoute ke LaRisi gen yon istwa fè depo minisyon ki pa gen sekirite, depi anvan li te lanse anvazyon Ikrèn nan, li di « ensidan sa-a moutre pratik ki pa pwofesyonèl ki kontribye nan gwo kantite viktim nan kan LaRisi a. »

Ministè Defans LaRisi-a di bonè jodi mèkredi-a ke twoup li yo sèvi anpil ak telefònn pòtab nan zòn kote zam lènmi-an ka rive jwenn yo – malgre gen entèdiksyon kont sa – e ke se sa ki lakoz frap Premye Janvye-a.

XS
SM
MD
LG