Accessibility links

Breaking News

Damar Hamlin Jwè Ekip Football Zepòl Kare Buffalo Bills Pran yon Gwo Chòk Lendi Swa


NFL: Buffalo Bills at Cincinnati Bengals
NFL: Buffalo Bills at Cincinnati Bengals

Damar Hamlin, ki gen 24 lane, ki jwe nan pozisyon Safety pou ekip football zepòl kare Buffalo Bills pran yon gwo chòk lendi swa nan premye 15 minit yon match kont Cincinnati Bengals.

Hamlin tonbe yon ti tan apre li te fin takle jwè nan pozisyon receiver Tee Higgins. Hamlin te leve kanpe sou pye li, e li sanble te ajiste mask li ak men dwat li, e apre sa apeprè 2 segonn pita li te tonbe sou do. Bra li te frape atè a sou kote li.

Sekouris te pran swen li sou teren an anvan anbilans te pote li ale lopital. Match la te sispann, e apre sa te

ranvwaye. Jwè Buffalo Bills yo t ap kriye lè yo te wè Hamlin tonbe e li pa leve.

Kè Damar Hamlin te rete, men apre sa, kè a te rekoumanse mache gras ak travay sekouris yo sou teren an. Hamlin entène lopital kounyea nan yon kondisyon grav.

XS
SM
MD
LG