Accessibility links

Breaking News

Plizyè Dizèn Milye Defile Devan Sèkèy Benwa 16 nan Vatikan an


Faithful pay homage to former Pope Benedict in St. Peter's Basilica at the Vatican
Faithful pay homage to former Pope Benedict in St. Peter's Basilica at the Vatican

Plizyè dizèn milye moun fè liy byen long piu wè sèkèy Pap Emerit Benwa 16, kote otorite nan Vatikan ekspoze l nan Bazilik Sen Pyè a.

Anpil nan premye moun ki te gen chans pou wè kadav la lendi a se touris ki pase plizyè zè anvan yo te ouvè Bazilik la.

Responsab sekirite nan Vatikan estime nan maten ke nan apremidi, ap gen anviwon 6 èdtan depi pòt bazilik la te louvri , e ap gen apreprè 40 mil moun k ap gentan wè kò Pontif retrete a ki mouri samdi pase a nan maten. Li te gen 95 zan.

Sèkèy ansyen pap la ekspoze pou 10 èdtan Lendi nan Bazilik Sen Pyè a.

Yo pwograme pou ekspoze kò a madi ak mèkredi pou 12 èdtan anvan antèman an ki gen pou dewoule jedi maten. Se Pap Franswa k ap chante fineray predesesè l , sa ki reprezante yon evenman istorik nan lavi Legliz Katolik Womèn.

XS
SM
MD
LG