Accessibility links

Breaking News

Almay: Anpil Lapriyè pou Pap Benwa 16 ki Malad Anpil


Pope benedict
Pope benedict

Nan Marktl (Bavaria), vil kote Pap Benwa 16 pran nesans , yon fidèl Katolik Tobias Ferstl lanse yon apèl bay Pap Franswa pou mande tout katolik pou yo adrese yon "priyè espesyal" pou predesesè li a, ki gen yon eta sante k ap deteryore seryezman nan dènye jou yo.

Yo mete foto Pontif retrete a akote yon batistè nan legliz Katolik St Oswald la .

Sou plas Sen Pyè nan Vatikan an, touris ak pèlren ap "selfie" ( moun ka k ap fè foto tèt y oak telefòn) devan ab Nowèl, e gen plizyè jounalis ki la pou sizoka anons lanmò Pap Emerit Benwa 16 ta tonbe.

Pap Franswa ki te vizite Pap Benwa 16 te mande fidèl katolik yo popu fè priyè espesyal pou predesesèl la .

XS
SM
MD
LG