Accessibility links

Breaking News

Atak ak Misil Sou Vil Kherson


Aftermath of a Russian military strike in Kherson
Aftermath of a Russian military strike in Kherson

Ikrèn fè konnen LaRisi lanse atak ak misil jodi mèkredi a sou vil Kherson nan sid peyi-a, kote li ta vize pozisyon sivil.

Chef deta majò Fòs Ame Ikrèn nan rapòte ke Ris yo lanse 33 misil sou Kherson ke Ikrèn te repran apre fòs ris yo te abandone li, mwa pase a.

LaRisi demanti ke li te vize sivil nan Ikrèn.

Yon lòt kote, Prezidan ris Vladimr Putin anonse madi ke peyi li pran yon dekrè ki entèdi lavant petwòl nan peyi ki dakò ak limit sou pri petwòl la ke nasyon nan loksidan te enpoze, e k ap antre ann aplikasyon mwa sa a.

Pami peyi ki dakò ak limit sou pri a gen Kanada, LaFrans, Almay, Itali, Japon, Wayòm Ini ak Etazini, ansanm ak Inyon Ewòp la. Limit la pwal obligatwa nan nasyon Gwoup 7 la yo, Inyon Ewòp la ak Ostrali, dapre ajans nouvèl Reuters.

LaRisi fè konnen sa p ap gen okenn efè sou kanpay militè li nan Ikrèn nan e ke li gen konfyans ke li ap jwenn nouvo achtè pou petwòl li.

XS
SM
MD
LG