Accessibility links

Breaking News

LONU Mande Peyi Manm yo Konsidere Demann Pou Yon Fòs Ame Antre Ayiti


Haiti Daily Life
Haiti Daily Life

NASYON ZINI (AP) — Sekretè-jeneral adjwen Nasyonzini an mande chak peyi “ki gen kapasite” pou yo konsidere demann ijan ke gouvènman Ayisyen an fè pou yon fòs zame entènasyonal ta antre nan peyi a pou ede retabli sekirite ak soulaje kriz imanitè ki genyen nan peyi a.

Amina Mohammed te di devan Konsèy Sekirite Nasyonzini an ke Ayiti ap fè fas ak "yon kriz k ap grandi nan echèl ki san parèy ak konpleksite ki bay kè sote."

Li te repete tou apèl Sekretè Jeneral Antonio Guterres te fè pou mande sipò entènasyonal pou Polis Nasyonal Dayiti.

Mohammed te di "ensekirite a te rive nan nivo san parèy" e ke gang ame yo ap itilize zak asasinay ak vyòl pou teworize popilasyon an.

XS
SM
MD
LG