Accessibility links

Breaking News

Pewou: Palman an ap Konsidere Fè Eleksyon Yo Pi Bonè


PERU-POLITICS/
PERU-POLITICS/

LIMA, Pewou (AP) — Kongrè Pewou a pare madi pou'l konsidere yon plan pou oganize eleksyon vit e prese, ki se yon deman kle manifestan ki bloke otowout yo epi antre nna lese frape ak fos sekirite yo toupatou nan peyi a.

Palmantè yo wetire Prezidan Pedro Castillo sou pouvwa a kèk hè d tan apre li te eseye disoud palman an 7 Desanm pase a. Sa te deklanche yon seri manifestasyon toupatou nan peyi a ki lakoz omwens 26 moun pèdi lavi yo.

Plan an mande pou oganize eleksyon prezidansyèl ak palmantè yo ane pwochèn olye yo ret tann 2026.

Ide eleksyon vit e prese a se yon ide Prezidan enterim Dina Boluarte, ki ranplase Castillo, apiye.

Avoka gouvènman an di yo arete Castillo paske yo sispèk li tap eseye fè yon kou d eta, ki se yon vyolasyon konstitisyon peyi a.

XS
SM
MD
LG