Accessibility links

Breaking News

Pewou: 18 Mwa Prizon pou Pedro Castillo


PERÚ-CRISIS CASTILLO
PERÚ-CRISIS CASTILLO

Lakou Siprèm nan peyi Pewou pase lòd, ayè jedi-a, pou Prezidan depoze Pedro Castillo rete nan prizon pou 18 mwa ankò apre arestasyon-li, semèn pase-a, ki te deklannche rebelyon nan nasyon Amerik di Sid-la.

Yo te wete Castillo nan pouvwa-a e mete-l anba kòd apre li te chache kraze palman-an e anonse li pwal dirije ak

dekrè, nan sa advèsè-li-yo wè kòm efò pou evite yon destitisyon pandan gen plis ankèt ki t-ap fèt sou kòripsyon.

Ansyen pwofesè lekòl-la ki se yon gochis anba akizasyon pou rebelyon ak konplo e ka tonbe anba santans jiska 10 lane prizon si tribinal jwenn li koupab, dapre komisè gouvènman Alcides Diaz. Li ka nan prizon jiska Jen 2024.

Yon jij nan Kou Siprèm-nan te aksepte demann pati akizasyon-an pou kenbe Castillo nan prizon, kote yo di li ka reprezante yon danje si li moute nan avyon, apre li te chache pran azil nan anbasad meksiken-an nan Lima, men avoka-li di li pa-t janm mande azil nan Meksik, e ke anbasadè meksiken-an konfime-l.

XS
SM
MD
LG