Accessibility links

Breaking News

Atak Ris Touye Moun Nan Vil Kherson

View of the damage at Svobody Square after the landmark Kherson Regional State Administration building was reportedly hit by rocket fire by Russia amid their ongoing invasion in Kherson, Ukraine in this still image from video released, Dec. 14, 2022.

Ikrèn fè konnen bonbadman ris touye 2 moun jedi nan vil Kherson nan sid peyi a, pandan otorite ke LaRisi enstale rapòte atak ke Ikrèn lanse sou vil Donetsk nan lès peyi a.

Kyrylo Tymoshenko, asistan chef biwo Prezidan Volodymyr Zelensky, poste sou telegram ke atak ris frape lokal administrasyon rejyon Kherson nan.

Nan Donetsk, majistra ke LaRisi nonmen, Alexei Kulemzin, fè konnen bonbadman ki fèt pandan lannwit la se kèk nan pi gwo atak ke rejyon an wè depi dèz ane.

Separatis ke LaRisi apiye kontwole kèk pati nan rejyon Donetsk depi 2014, e ane sa a li te fè pati rejyon ke LaRusi te anonse ke li anekse, kidonk ajoute sou teritwa li, yon aksyon ke kominite entènasyonal la te rejte.

XS
SM
MD
LG