Mwayen Oryan
Akizasyon Kòmkwa Katar Ta Grese Men Kèk Manm Inyon Ewopeyen an pou Enfliyanse Desizyon yo

Peyi manm Inyon Ewòp yo eksprime enkyetid yo lendi 12 desanm nan konsènan akizasyon komkwa Katar ta grese men kèk manm Inyon Ewopeyen an pou enfliyanse desizyon yo.
Otorite yo jele byen vis prezidan palman ewopeyen an Eva Kaili ki se youn pami 4 moun yo arete pou koripsyon. Pati politik Kaili la te pran sanksyon kont li.
Anketè Bèlj yo sezi plizyè gwo sak lajan kash lakay ansyen vis prezidan Eva Kaili.
Otorite yo ap ankete sou akizasyon kòm kwa katar, k ap akeyi 22èm edisyon mondyal la, ta peye kèk palmantè ewopeyen lajan kash pou enfliyanse deba politik yo.
Ajans nouvèl reuters rapòte, yon ofisyèl katar demanti nouvel ki ta fe konprann ke peyi l ta jwe yon wòl nan eskandal la.
See all News Updates of the Day
Yon Gwo Zotobre Iranyen Vizite Peyi Emira Arab Ini yo

Prezidan Emira Arab Ini, Sheikh Mohammed bin Zayed, resevwa jedi Ali Shamkhani ki se Sekretè Konsèy Siprèm Sekirite Nasyonal peyi Iran. Vizit sa fèt pou make rapwòchman diplomatik ki fèt ant peyi Iran ak Arabi Saoudit.
Dapre ajans ofisyèl Emirati WAM, 2 mesye yo te pale sou « relasyon ant 2 peyi yo ak fason yo kapab kolabore nan plizyè domèn diferan».
Otorite wo-plase Iran an te rankontre tou ak konseye sekirite nasyonal Emira yo, Sheikh Tahnoun bin Zayed.
Nan rankont li ak prezidan Emira yo, Ali Shamkhani te afime ke 2 peyi yo ka "fè gran pa nan devlopman koperasyon antre yo e nan diplomasi” ki konsène rejyon an.
Gwo zotobre Iranyen an te negosye nan Peken semèn pase a akò ki pèmèt Iran retabli relasyon diplomatik ak Arabi Saoudit, apre 7 lane kote relasyon yo te kraze.
Riyad ak Teheran te fè yon kite sa nan relasyon diplomatik an 2016 apre manifestan nan Iran te atake misyon diplomatik Arabi Saoudit apre yo te ekzekite yon relijye chiyit nan Arabi Saoudit.
Iran ak Arabi Saoudit Antann Yo Pou Yo Retabli Relasyon Diplomatik Antre yo

Iran ak Arabi Saoudit antann yo vandredi pou yo retabli relasyon diplomatik antre yo e re-ouvè anbasad yo apre dèz ane tansyon ant 2 peyi yo, ki te gen antwòt yon atak ki te fè gwo dega nan kè pwodiksyon petwòl nan wayòm nan e ke yo te lage sou do Teheran.
Antant la ki te fèt nan Peken, an Chin, semèn sa a, nan yon seremoni ki te dewoule nan Kongrè Popilè Nasyonal la, reprezante yon gwo viktwa diplomatik pou Chinwa yo pandan peyi arab yo nan Gòlf la wè kòmkwa, dapre yo, Etazini ap wete kò li tou dousman nan Mwayenn Oryan an. Sa fèt tou nan moman diplomat ap chache mete fen nan yon gè ki la nan Yemen depi plizyè lane, yon konfli kote Iran ak Arabi Saoudit antre byen fon e kanpe rèd sou pozisyon yo.
2 peyi yo pibliye yon kominike an komen sou antant la ansanm ak LaChin ki sanble te travay pou fè sa rive. Medya leta chinwa pa te rapòte akò a touswit.
Medya leta nan Iran moutre imaj ak video ki te fèt an Chin, dapre sa yo di, ki moutre reyinyon an. Yo moutre Ali Shamkhani ki se sekretè konsèy Sekirite Nasyonal Siprèm Iran, ak konseye sou sekirite nasyonal Arabi Saoudit, Musaad bin Mohammed al-Aiban, ak Wang Yi, ki se diplomat ki pi wo-plase an Chin.
Wang di, « tou le 2 pati yo moutre yo sensè. » Li ajoute, « LaChin sipòte ak tout kè li antant sa a. »
Sijòdani: Atak Izraelyen Lakoz Lanmò 6 Palestinyen

Yon rapò Ministè Sante Palestinyen an pibliye di ke 6 Palestinyen pèdi lavi yo madi nan yon atak militè Izraelyen te fè nan Jenin ki nan zòn nò Sijordani.
Yon premye rapò ministè a te di se 5 moun ki mouri, e nouvo rapò a ajoute youn ki vin fè 6.
Dapre temwen, atak la te deklanche gwo batay vyolan ant fòs Izraelyen yo ak konbatan Palestinyen nan yon kan refijye nan Jenin, batay ki te dire plis pase 2 zè de tan.
Omwens 10 Palestinyen Pèdi Lavi yo nan Operasyon Militè Israel Lanse nan Riv Oksidantal la
10 palestinyen pami yo yon adolesan 16 zan mouri e plis pase 80 lòt blese anba bal nan yon desant-de-lye lame izreayeylen nan Naplouz.
- Serge Michel
Almay Ekspilse 2 Diplomat Iranyen

Almay anonse mèkredi l ap ekspilse 2 diplomat peyi Iran kòm repons poutèt Iran kondane amò yon sitwayen alman.
Desizyon sa a vini yon jou apre otorite nan Iran te anonse santans la pou Jamshid Sharmahd, ki jwenn kondanasyon pou zak teworis.
Iran akize Sharmahd, yon Alman-Iranyen ki gen rezidans Etazini, kòmkwa li dirije branch ame yon gwoup ki anfavè monachi. Fanmi li di li te sèlman pòtpawòl yon gwoup opozisyon e ke sèvis ransèyman iranyen te anlve li.
« Nou mande Iran pou li revoke santans lanmò Jamshid Sharmahd la e ba li chans pou l jwenn yon jijman onèt ki baze sou lalwa, » se sa Minis Afè Etranjè alman Annalena Baerbock di nan yon kominike.
Baerbock di li konvoke chaje dafè Iran an, e ke Almay pa aksepte sa li rele yon “kokenn vyolasyon » dwa yon sitwayen alman.
Nan yon kominike madi, Baerbock fè konnen Sharmahd te jwenn arestasyon nan “kondisyon ki soulve anpil kesyon” e ke li « pa te janm gen sa ki menm sanble yon pwosè jis. »