Accessibility links

Breaking News

Senatè Demokrat Kyrsten Sinema Deklare Li Pral Vote Kounyea Kòm Endepandan


Senate Kyrsten Sinema, se yon Demokrat ki reprezante eta Arizona ( an woz).
Senate Kyrsten Sinema, se yon Demokrat ki reprezante eta Arizona ( an woz).

Senatè Demokrat Kyrsten Sinema, ki reprezante eta Arizona nan Sena Etazini deklare li enskri kounyea kom manm pati endepandan, li pa Demokrat anko.

Sepandan, senatè a ki okipe yon pos nan Sena a pou premye fwa, di li pa gen entansyon patisipe nan kokis Repibliken yo. Sa pral asire Demokrat yo kenbe majorite tou mens yo genyen nan Sena a.

Sinema fristre kolèg demokrat li yo pa fwa akoz li aliyen l ak Repibliken yo epi opoze priyorite pati Demokrat la.

Sinema ekri nan atik ki parèt nan jounal ke lap "deklare endepandans li ak sistèm patizan Washington nan ki kraze."

Mary Clare Jalonick se jounalis Associated Press ki fe repotaj sou Kongre a:

"Pou Sinema sa li di nan editoryal li pibliye a se menm bagay li te di anvan ki se li pa santi li ann ako ak okenn nan pati yo. Li se mwen kwe, yon vre endepandan nan vre sans pawol la paske li dako ak Demokrat yo pa fwa e li dako ak Repibliken yo pafwa. Li se pwobableman yon sosyal liberal. Li konsevate o pwend vi fiskal. Li pouse Demokrat yo nan Sena a pou fe chanjman nan lwa sou salel minimom nan. Gen anpil lot fason ke antanke senate li ka vin ou zo pwason kraze nan bouyon an. Donk se yon bagay li deja ap fe e li pral kontinye fe."

Demokrat yo te pare pou yo kenbe majorite 51 kont 49 syèj yo te genyen nan Sena a apati de mwad Janvye 2023, apre viktw Senatè Demokrat Raphael Warnock ranpote Madi nan dezyèm tou eleksyon Joji a.

XS
SM
MD
LG