Accessibility links

Breaking News

La Jistis Akize Moun ki Fe Fiziyad la nan yon Nightklub Omoseksyel nan Colorado


Foto Achiv: Foto viktim fiziyad ki fet nan yon nightklub omoseksyel yo frekante nan Colorado Springs, Colorado, 22 Nov. 2022.
Foto Achiv: Foto viktim fiziyad ki fet nan yon nightklub omoseksyel yo frekante nan Colorado Springs, Colorado, 22 Nov. 2022.

Sispèk ke la jistis akize kom kwa li te debake nan yon nightklub omoseksyèl yo frekante epi fiziye 5 moun nan Colorado Springs deske li komèt krim rayisman ak asasina. Gen 17 moun ki te blese nan ensidan an.

Akizasyon la jistis yo tonbe nan moman Anderson Lee Aldrich, 22 zan, te konparèt devan yon tribinal Madi.

Ankete yo di Aldrich te debake nan Club Q, yon sanktyè pou kominote LGBTQ a nan Colorado Springs, yon vil konsèvate, yo ti tan anvan minui 19 Nov. epi kòmanse tire pandan yo tap fete anivèsè yon moun.

Atak la vini lavèy jounen anyèl kote yo sonje tout moun transjan ki mouri anba zak vyolans.

Dapre avoka defans yo, Aldrich konsidere tèt li non-binè e li sèvi ak pwonon yo le lap refere a tèt li.

XS
SM
MD
LG