Accessibility links

Breaking News

Zelensky: "Fòs Ris Yo Ap Eseye Vanse Sou Rejyon Lès ak Nòdès Ikrèn"

This handout photograph taken and released by Ukrainian Presidential press service on Nov. 14, 2022, shows Ukrainian President Volodymyr Zelensky speaking to servicemen during his visit to the newly liberated city of Kherson, following the retreat of Russ

Prezidan Ikrenyen Volodymyr Zelensky fè konnen fòs ris yo ap eseye vanse sou rejyon lès ak nòdès e, anplis desa, yap planifye pou lanse atak sou pati sid Ikrèn, nan moman sekretè jeneral LOTAN Jens Stoltenberg ap chache kalme kèk lòt peyi ki sispèk ke Moskou pral chache destabilize yo.

Kò jeneral lame ikrenyen an fè konnen fòs li yo rive repouse 6 atak ris nan 24 trè pase yo nan rejyon Donbas, nan moman fòs ris ap vide kout kan-no tribò-babò sou riv dwat flèv Dnipro a ak sou vil Kherson ki nan pati sid peyi-a.

Apre chita-pale òganizasyon trete atlantik nò a tap fè nan vil Bukarès, kapital woumani, sekretè deta ameriken Antony Blinken di, nap site : zòn sa yo, se nouvo sib prezidan Vladimir Putin, lap lanse bonjan frap sou yo.

Mesye Putin santre kòlè ak fòs de frap li sou popilasyon sivil la, kote lap bonbabde enfrastrikti enèji ak sistèm dlo potab peyi vwazen li an, men estrateji sila a pap mache, fend-sitasyon.

XS
SM
MD
LG