Accessibility links

Breaking News

Lond Mande Lachin pou l Respekte Libète Jounalis li yo, Apre yo te Arete e Bat yon Repòtè BBC


HEALTH-CORONAVIRUS/CHINA-BBC
HEALTH-CORONAVIRUS/CHINA-BBC

Chèn televizyon BBC fè konnen ke otorite lapolis non nan vil Shanghai, nan peyi Lachin komèt zak maspinay e mete nan detansyon youn nan jounalis li yo pandan li tap kouvri yon manifestasyon.

Arestasyon sa te provoke anpil kritik bò kote gouvènman Britanik nan. BBC di li konsidere zak sila chokan.

Lachin bò kote pal rejte akizasyon sa yo, paske dapre otorite chinwa yo jounalis la pat idantifye tet li.

Rezo radyo televizyon Britanik la (BBC) te pibliye yon kominike, pou di li genyen gwo kè sote pou move tretman ke jounalis Ed Lawrence resevwa apre yo te arete li nan gwo manifestasyon ki t ap fèt nan Lachin.

Seri gwo manifestasyon sa yo ap fèt pou pwoteste kont mezi otorite yo mete an plas pou kwape Kovid-19.

XS
SM
MD
LG