Accessibility links

Breaking News

Direktè Akademi Polis Ayiti Mouri Pa Bal


Foto Achiv: Polis Nasyonal Ayiti fe patwouy nan yon katye kote gang rival ap goumen pou pran kontwol plis teritwa nan Potoprens.
Foto Achiv: Polis Nasyonal Ayiti fe patwouy nan yon katye kote gang rival ap goumen pou pran kontwol plis teritwa nan Potoprens.

Polis Naysonal Ayiti (PNH) anonse dirketè Akademi Polis Nasyonal la, Harrington Rigaud, mouri pa bal devan pòt akademi polisye a nan yon katye gang yo kontwole nan Pòtoprens.

Asasina a se dènye nan yon seri atak kont fòs de lòd yo nan semèn ki pase yo. Pami atak sa yo nou jwenn asasina polisye ak atak kont bilding ofisyèl yo.

Ensidan an rive tou nan moman otorite Ayisyen ak entènasyonal yo ap eseye jere zak vyolans gang yo ap komèt pou pran kontwòl plis teritwa.

Yon videyo ki tap sikile sou rezo sosyal yo Vandredi montre kadav Rigaud a benyen ak san, nan lari.

Enfomasyon nan repotaj sa a soti nan Associated Press

XS
SM
MD
LG