Accessibility links

Breaking News

Ameriken nan Nouyòk Fete Thanksgiving ak Parad Tradisyonèl Macy's la


Balon "Boss Baby" la desann 6em Avni pandan Parad Fet Thanksgiving (Aksyon de Gras) Jedi, 24 Nov. 2022, nan Nouyok.
Balon "Boss Baby" la desann 6em Avni pandan Parad Fet Thanksgiving (Aksyon de Gras) Jedi, 24 Nov. 2022, nan Nouyok.

Yon pakèt spektatè kanpe sou 2 bò lari ann Nouyòk pou gade gwo balon kap vole e ki make ouvèti sezon fèt la. Se magazen Macy's ki patwone Parad Thanksgiving sa a.

Se yon tradisyon anyèl kote lari vil la chaje ak moun, ki sou plas pou gade pwosesyon gwo kokenn chenn balon yo ak cha ki travèse yon pakou 40 blok soti depi Central Park pou rive nan plas Herald Square.

Sansasyon entènasyonal Bluey ki se yon ti komik, se youn nan balon popilè ane sa a, te gen tou yon ti bef Ostralyen ki fè gran debi li nan parad la Jedi maten.

Balon sa a wo anpil e li osi long ke 7 taksi aliyen youn bo kote lòt la.

Te gen tou balon Stuart, Minion ki gen yon sèl je a.

Parad ane sa a gen ladann 16 gwo kokenn chen balon, 28 cha, 40 nouvo balon ki reprezante divè eritaj kiltirèl, 12 òkès, 10 gwoup kap pèfome, 700 kloun ak yon Tonton Nwèl.

Valerio Saint-Louis sou plas pou VOA Kreyol e li va ba nou kont randi parad la pi ta

XS
SM
MD
LG