Accessibility links

Breaking News

Biden Louvri Sezon Fèt la, Padonen Kodenn Chocolate ak Chip


Prezidan Joe Biden padone Chocolate, kodenn nasyonal Thanksgiving (fet aksyon de gras) nan Washington, Lendi 21 Nov. 2022.
Prezidan Joe Biden padone Chocolate, kodenn nasyonal Thanksgiving (fet aksyon de gras) nan Washington, Lendi 21 Nov. 2022.

Sezon Fèt la tanmen nan Lamezonblanch. Prezidan Joe Biden ak madanm ni, Jill, pare pou fete.

Biden patisipe Lendi nan padon anyèl kodenn Thanksgiving nan.

Premye dam nan aksepte livrezon ab de nwèl Lamezonblanch la. E Mesye-dam Biden yo pral pran direksyon Kawolin di No lendi swa pou pataje repa aksyon de gras, anvan fèt la Jedi, ak militè Etazini ak fanmi yo nan Stasyon Ayeryen Ko Merin nan, Cherry Point.

Pakèt aktivite fèt sa yo ap dewoule apre maryaj pitit pitit prezidan an, Naomi Biden pandan wiken nan epi selebrasyon 80èm anivèsè prezidan an.

XS
SM
MD
LG