Accessibility links

Breaking News

Tiki: Otorite yo Arete 22 Moun an Koneksyon ak Eksplozyon ki fèt Dimanch


Explosion in central Istanbul's Taksim area
Explosion in central Istanbul's Taksim area

Minis Enteryè peyi Tiki fè konnen jodia otorite yo arete 22 moun an koneksyon ak yon eksplozyon ki fèt ayè dimanch la nan yon sant dacha popilè nan Istanbul, dapre Anadolu, yon ajans nouvèl ke leta nan Tiki ap dirije.

Youn nan prevni ki jwenn arestasyon yo sanble se li ki te poze bonm nan sant dacha a.

« Dapre evalyasyon pa nou, lòd pou atak mòtèl la soti nan Ayn al-Arab nan nò Siri, kote PKK/YPG gen katye jeneral nan Siri, » se minis Suleyman Soylu ki pale konsa.

Li di 8 moun pèdi lavi nan eksplozyon an e 81 lòt blese. 50 nan moun ki blese yo desann kite lopital, pandan 5 lòt rete nan swen entansif e 2 nan yo nan kondisyon grav.

Minis enteryè a di Tiki “ap reponn kòmsadwa moun yo ki reponsab pou atak teworis rayisab saa.”

Prezidan Tiki Recep Tayyip Erdogan rive nan Bali pou patisipe nan some G20 an, kèk èd-tan apre eksplozyon an.

XS
SM
MD
LG