Accessibility links

Breaking News

Tanpèt Twopikal Nicole Voye Kay nan Lanmè nan Florid


Moun vizite plaj la pou envestige dega siklon Nicole Jedi 10 Nov. 2022 nan Vero Beach, Florid.
Moun vizite plaj la pou envestige dega siklon Nicole Jedi 10 Nov. 2022 nan Vero Beach, Florid.

Tanpèt Twopikal Nicole kraze plizye kay epi lage yo nan Oseyan Atlantik la.

Nicole rive sou Vero Beach Florid kote li tounen yon Siklonn tout bon. Men anpil kote sou kot ès la santi konsekans yo tou, sitou zon Daytona Beach.

Gwo vag lanmè li koze yo fe gwo dega nan kay ki sitye bo lanmè nan Daytona.

Meteyo atann ni aske Nicole lage gwo lapli sou rejyon sidès Etazini ak Morn Blue Ridge yo.

Otorite yo di gen omwens 2 moun ki pèdi lavi yo.

XS
SM
MD
LG