Accessibility links

Breaking News

Yon Tanpèt Subtwopikal Menase Florid, Bahamas


Moun ap benyen nan lanme Miami pandan tanpet twopikal Nicole ap pwoche, 8 Nov. 2022.
Moun ap benyen nan lanme Miami pandan tanpet twopikal Nicole ap pwoche, 8 Nov. 2022.

Meteyowolojis yo lanse avètisman pou rejyon nòdwès Bahamas ak Kòt Atlantik eta Florid la kote tanpèt subtwopikal Nicole ap pwoche.

Move tan an menase pou'l pote avèl yon peryòd lapli ki taka poze danje.

Sant Nasyonal Meteyowoloji a atann ni aske Nicole tounen yon siklon akoz tanperati cho lanmè a.

Philippe Papin, yon espesyalis sou siklòn di Associated Press ke Nicole ap lwen ak tè a Madi, donk li pap gen konsekans sou eleksyon kap dewoule Florid.

Sepandan li di "se pral yon koken chenn siklòn". Meteyo lanse avetisman pou di moun ka konstate gwo vag lanmè ant Broward nan Florid pou rive sou kòt eta Jòji.

XS
SM
MD
LG