Accessibility links

Breaking News

Kenyan Chebet, Lokedi Ranpòte Maraton Nouyòk la


Evans Chebet, moun peyi Kenya fini kous Maraton Nouyok la an premye, Dimanch 6 Nov. 2022.
Evans Chebet, moun peyi Kenya fini kous Maraton Nouyok la an premye, Dimanch 6 Nov. 2022.

Evans Chebet, moun peyi Kenya ranpote Maraton Nouyòk Siti a. Se premye fwa misye janm patisipe nan kous kouri sa a. Kourè ki te pran devan an, Daniel Do Nascimento te endispoze lè l te rive nan 33è m kilomèt la.

Chebèt fini kous 42 kilomèt la nan 2 zè, 8 minit, 41 segond ki se 13 segond pi vit pase Etyopyen Shura Kitata.

Sharon Lokedi, moun peyi Kenya tou ranpòte kous feminen an. Se premye fwa li janm kouri nan kous sa a. Li fini kous la 2:23:23.

Marcel Hug moun peyi La Swis ranpòte kous maskilen andikape pou 5èm fwa e li tabli yon nouvo rekò. Misye egal ego kounyea ak Kurt Fearnley kòm moun ki ranpòte kous andikape a plis fwa nan listwa.

Susannah Scaroni, ranpòte kous andikape feminen an, nan yon tan rekò tou.

XS
SM
MD
LG