Accessibility links

Breaking News

Pou Kourè Kenyan Korir, Yon Viktwa 'Comeback' Nan Maraton Nouyòk la


Albert Korir, moun peyi Kenya travèse liy final la nan kous maskilen maraton vil Nouyok la, Dimanch 7 Nov. 2021.
Albert Korir, moun peyi Kenya travèse liy final la nan kous maskilen maraton vil Nouyok la, Dimanch 7 Nov. 2021.

Albert Korir, moun peyi Kenya ranpòte maraton vil Nouyòk la nan kategori maskilen an, 2 zan apre li te fini 2èm.

Korir depase Mawoken Mohamed El Aaraby ak Italyen Eyob Faniel vè 18èm mile la e se konsa li sanzatann wetire tout dram 50èm kous kouri a.

Misye ranpote la viktwa nan 2 zè, 8 minit ak 22 segond - lè sa a poko ofisyèl.

Nan kous medam yo, Peres Jepchirchir ki se moun Kenya tou, pran devan nan antre Central Park la (pati final kous la) pou'l tounen premye fanm ki ranpote yon maraton prensipal nan sezon otonn nan apre li ranpote yon meday lò nan Jezolenpik yo.

XS
SM
MD
LG