Accessibility links

Breaking News

Atlèt Ris ak Beloris Pa p Patisipe nan Maraton Boston an Ane sa a


Shalane Flanagan tanmen 125em Maraton Boston an (yon kous kouri 26.2 km) Lendi 11 Oct. 2021.
Shalane Flanagan tanmen 125em Maraton Boston an (yon kous kouri 26.2 km) Lendi 11 Oct. 2021.

Atlèt ris ak beloris pa p gen pèmisyon pou yo patisipe nan Maraton Boston ane sa a akoz envazyon Ikrèn nan, dapre yon anons òganizatè yo te fè nan dat 6 avril 2022 a.

Kourè ris ak beloris k ap viv nan peyi respektif yo tonbe anba yon entèdiksyon ki anpeche yo patisipe an evennman 18 avril la: se yon desizyon Asosyasyon Atletik Boston an (BAA).

Sepandan, sitwayen ris ak beloris ki pa p viv nan peyi yo kapab jwenn pèmisyon pou yo patisipe, men pa avèk drapo nasyonal yo. Prezidan-direktè jeneral BAA a, Tom Grilk, di:

“Menm jan ak anpil moun atravè lemond, se avèk gwo laperèz e ak gwo mekontantman n ap gade nouvèl sou sa k ap pase nan Ikrèn e se ak menm santiman yo ke nou kontinye resevwa enfòmasyon sou sitiyasyon an. Nou panse ke kous se yon spò mondyal e konsa nou dwe fè sa n kapab pou n montre apui nou pou pèp ikrenyen an.”

Nan deklarasyon responsab yo fè, yo pa presize konbe atlèt ris ak beloris ki te deja anrejistre pou yo patisipe nan maraton ane sa a.

Oganizasyon ki jere foutbòl nan lemond, FIFA, ak ann Ewòp, UEFA, sispann Larisi nan tout kopetisyon entènasyonal –pami yo gen Koup di Mond la- tandiske òganizasyon kous otomobil Fòmil 1 anile tout aktivite nan Larisi.

XS
SM
MD
LG