Accessibility links

Breaking News

Chantè, Rapè Aaron Carter, 34 an, Mouri nan Kalifoni


Foto Achiv: Aaron Carter rive nan premye "Saints & Strangers" nan Beverly Hills, Kalifoni 9 Nov. 2015.
Foto Achiv: Aaron Carter rive nan premye "Saints & Strangers" nan Beverly Hills, Kalifoni 9 Nov. 2015.

Aaron Carter, chantè e rapè ki te komanse pèfome lè l te timoun, e ki te gen plizyè albòm popilè lè l te tinedjè , mouri lakay li nan sid Kalifòni. Li te gen 34 an.

Reprezantan fanmi Carter la konfime lanmò chantè a Samdi. Yo pa bay okenn lòt detay.

Yon responsab lapolis di polisye ki te reponn yon apèl ki gen rapò ak yon ijans medikal jwen yon moun ki mouri nan yon kay nan vil Lancaster.

Aaron Carter se ti frè Nick Carter, youn nan manm gwoup Backstreet Boys yo, e li te konn prezante spektak ansanm ak Britney Spears.

Li te konn jwe tou ak gwoup frè li, e li te parèt nan seri televize "House of Carters".

XS
SM
MD
LG