Accessibility links

Breaking News

Rapè Gwoup Migos la Takeoff Mouri pa Bal nan Houston


Foto Achiv: Takeoff, rape gwoup Migos la pefome pandan Spektak BET Experience Los Angeles la an 2019.
Foto Achiv: Takeoff, rape gwoup Migos la pefome pandan Spektak BET Experience Los Angeles la an 2019.

Yon reprezantan konfime ke rapè nwa Ameriken Takeoff mouri pa bal devan yon biznis nan Houston kote moun al jwe bowling.

Kirsnick Khari Ball, ke fanatik yo konnen kom Takeoff se youn nan manm gwoup Migos la, ansanm ak Quavo epi Offset. Li te gen 28 an.

Lapolis vil Houston te vin sou sèn nan kèk minit apre 2:30 di maten apre yo te resevwa apèl pou di gen moun kap tire nan 810 Billiards & Bowling.

Yo poko anonse oken arestasyon.

Lapolis di gad sekirite ki te sou plas te tande tire a men yo pa wè kiyès ki tap tire.

Mwa pase a, Takeoff ak Quavo te pibliye premye albom yo antanke duyo ki rele "Only Built for Infinity Links."

XS
SM
MD
LG